Parazit Entestinal – 3 Remèd Lakay pou Touye Vè ki nan Trip yo

Parazit Entestinal

Èske w santi w fatige anpil ? Èske w ap manje dan ? Èske w pèdi apeti ? Èske ou pa kapab dòmi byen ? Èske ou gen doulè nan vant ? Èske ou santi pafwa ou ta vle vomi sa w te manje a ? Petèt menm ou gen dyare.

Si se pwòblem sa yo w ap sibi, gen bonjan rezon pou w panse ou gen parazit oswa vè k ap viv nan vant ou a. Ti bèt sa yo kapab viv nan trip yon moun sou kont li a.

Diferan Kalite Vè nan Trip Yo

Gen plizyè kalite vè ki fè anpil dega nan sistèm dijestif lezòm. Pa egzanp, genyen sa doktè yo rele yo « OKSIYI » (oxyure; pinworm). Se yon ti vè zepeng, ki mezire omaksimòm yon santimèt longè e ki bay gratèl nan deyè pandan lannwit, sitou pami timoun yo ant 5 an e 10 an.

Yon lot gwo parazit koulè blan oswa woz rele « ASKARIS » (ascaris; roundworm). Vè sa a pi gwo pase oksiyi, li ka mezire jiska 35 santimèt longè !

Yon twazyèm kalite parazit ki koze maladi tou se sa yo rele l « TENYA »(Ténia; tapeworm). Bèt sa a tou pla e li ka mezire jiska di mèt longè !

M pwopoze w 3 remèd lakay pou w ka elimine parazit ki viv nan entesten toutbon.

Parazit Entestinal : 3 Remèd Lakay pou w Elimine yo

1. Lay

Lay se yon epis ki gen anpil pwopriyete y ap itilise yo nan medsin natirèl. Pa egzanp, gen yon sibstans nan gous lay fre a doktè rele l: « silfi alil » (sulfure d’allyle) ki kapab touye plizyè kalite vè ki chita nan trip yo.

Se sa k fè ou dwe manje plis lay toujou si w ap soufri sentòm nou te site pi wo a. Remèd lakay sa a senp epi li efikas. Doktè bay konsèy pou n manje 3 tèt lay fre a chak maten. Men ou dwe kraze yo byen nan bouch ou si ou vle jwenn gerizon. Si ou pa renmen manje lay akòz gou ki pa bon ditou, w ka pran medikaman ki gen lay ladan l.

Lay an medikaman

2. Grenad

Grenad (Punica granatum) se yon fwi kèk moun itilize l kòm remèd tradisyonèl kont tenya, vè nou ka we nan poupou. Ekòs grenad la gen yon sibstans ladan l yo rele « Pèltyerin » (pelletiérine) ki gen yon efè paralizan sou parazit la.

Sa w dwe fè pou w jwenn gerizon : Bouyi lekòs grenad epi pran l chak maten pandan plizyè jou jiskaske w mete parazit la toutantye deyò. Pa bliye, tenya se yon vè ki mezire plizyè mèt longè! Sa pi bon pou w pran yon laksatif anmenmtan pou pemèt parazit entestinal la sòti yon sèl kou.

Menm si remèd sa a natirèl, li ka pwovoke yon seri efè segondè tankou vomisman ak lot pwoblèm ki makonnen ak sistèm nève santral la.

Tanpri, pa pran remèd sa a si ou ansent oswa si w bay tibebe tete.

3. Papay

Papay la se yon fwi ki gen ladan l yon sibstans (yon anzim) yo rele l « karpayin » ki kapab touye askaris yo. Sa w dwe fè : Ou dwe pile grenn papay sèch yo nan pilon pou jwenn yon kalite farin nwa oswa gri. Mete e melanje yon ti kiyè poud grenn papay nan valè yon tas lèt. Pran melanj sa a chak maten anvan w manje.

Remak: Grenn papay pa bon nan bouch ! Ou dwe fè yon efò pou vale remèd natirèl sa a.

Prekosyon pou n suiv si nou vle Evite Kontaminasyon

1. Se pou nou toujou lave men nou ak savon lè nou sòti fè poupou epi anvan nou manje.

2. Se pou nou byen lave fwi ak legim anvan nou manje yo

3. Se pou nou manje vyann ki byen kwit